Eleksyon 2010
Ki pri – ekonomik ak politik?
CLIQUER ICI POUR FRANCAIS - Partie 2
Malerezman, Ayiti Kale Je pa t ka rive jwenn pri egzak tout eleksyon k ap fèt an Ayiti pandan dènye 23 lane.
Dapre ACE Electoral Knowledge Network, ki konn fè etid pou eleksyon nan nivo entènasyonal, kou gouvènman yo konn peye pou eleksyon yo kòmanse nan youn dola ameriken pou chak moun ki vote, nan peyi ki gen anpil eksperyans ak eleksyon, jouk rive nan US$45 pou yon moun ki vote nan yon peyi ki nan “tranzisyon,” tankou Kanbodj.
An Ayiti, pou anrejistreman ak eleksyon 2005 yo, pri a te ant US$49 milyon ak US$70 milyon… sa depan ki chif ou kwè. Men, sa vle di, yo koute jouk rive nan US$30 pou chak moun ki vote, dapre youn nan rapò yo.
Eleksyon Sena 2009 yo te koute US$16 milyon, dapre sa nou li nan laprès.
Bidjè pou eleksyon aktyèl yo se US$29 milyon. Majorite lajan sa a soti nan men bayè entranjè yo. Misyon OEA/KARIKOM, ki gen Kolin Grandèson kòm direktè – epi ki pral genyen apèpre 100 obzèvatè an Ayiti jou k ap 28 novanm nan – ap koute yon lòt US$5.3 milyon, dapre yon rapò. (Lè Ayiti Kale Je te mande Grandèson ki sa misyon an te koute, li pa t vle di.)
Gwo bilbòd la sanble pedi devan mon fatra sa a. Foto: Acessomedias
Dapre sa laprès di, nan US$29 milyon sa a, gouvènman ayisyen te bay US$7 milyon. Genyen preske US$1 milyon nan lajan sa a ki ale nan poch kandida prezidansyèl yo, pakse chak kandida ki jwenn apwobasyon KEP te jwenn US$50,000.
Men lè ou gade afich, anons nan radyo ak televizyon, ak tout vwayaj kandida yo fè, li kle, plizyè nan yo ap depanse plis pase US$50,000, ki vle di, jan Remi di deja, lè eli, nouvo prezidan p ap reprezante moun ki voote pou li.
Grandèson admèt eleksyon an Ayiti “koute plis lajan chak fwa yo fèt,” epi tou, li admèt yo sanle eleksyon ameriken kounye a, ak tout afich, piblisite, elatriye, men li di: “Nan eleksyon sa yo gen anpil kandida pèp la pa konnen. Ki lòt mannye yo ta ka fè konèsans yo?”
Eske Ayiti ap fè chimen vè sistèm ameriken nan kote se gwo lajan ki mèt kesyon an? Depi 30 lane, Wachintonn ap travay pou sa.
Anplis lajan ki genyen pou pwosèsis fomèl la – anrejistreman elektè yo, biwo vòt yo, biwo pou konte vòt yo epi lajan pou finanse kanpay kandida yo – gouvènman etranjè ak ajans etranjè, espesyalman ameriken, ap depanse plizyè milyon dola sou “edikasyon” politik ak nan konstwui pati politik depi 1987.
Lafrans, Kanada epi espesyalman Etazini ak òganizasyon ki travay pou li – tankou National Democratic Institute (NDI) oswa Enstiti Nasyonal Demokratik, International Republic Institute (IRI) oswa Enstiti Entènasyonal Repiblikenn, National Endowment for Democracy (NED) oswa Fon Nasyonal pou Demokrasi ak anpil lòt ajans ki travay ovètman oswa anba chal – voye plizyè milyon dola pou “ankouraje” demokrasi. Sit Web pa yo bay kèk detay sou pwogram resan yo, men atik sa yo ofri plis detay epi yon analiz ki pi korèk. Malerezman, yo an angle.
"In the aftermath of the invasion"
"Democracy Enhancement" by Noam Chomsky
Genyen kèk okazyon kote diplomat ameriken ak lòt peyi fè entèvayson dirèk nan pwosèsis elektoryal fomèl tou. Plizyè otè ekri sou tantatif entèvansyon ki te fè nan eleksyon 1990 yo, epi sou wòl CIA te jwe nan koudeta 1991 kont Prezidan Jan Betran Aristid.
Remy te viv yon entèvansyon lè l te prezidan KEP nan lane 1995. Li t ap konteste jan Wachintonn te egzije gouvènman ayisyen enprime biltèn vòt yo nan leta Kalifoni Ozetazini.
“Se yon ka klasik enjerans etranje,” Remi te sonje.
“Ayisyen jiska prezan ap enkyete yo sou enjerans gouvenmantal. Enjerans gouvèman Ayisyen an la tou. Men… enjerans ki pi entolerab la se enjerans gouvènman ameriken.”
Klinton ak Aristid nan lane 2003. Foto: Daniel Morel
Dapre Remi, Klinton ak lòt otòrite ameriken te mete presyon sou Remi pou l retire Remi nan KEP.
“Yo di misye y ap vin rekonsidire tout ed, tout rapò Ayiti-Etazini paske Ansèm Remi, yo pa vle wè l la,” Remi sonje. “Mwen gade le pwo e lekont… epi m rale kò m... Men entèvansyon.”
Ki altènatif epi ki defi?
Petèt eleksyon stil amèriken epi “demokrasi bourjwaz” pa ofri Ayiti repons l ap chèche a?
Dapre diplomat tankou Grandèson epi politisyèn tankou Preval, sistèm aktyèl li, avèk eleksyon k ap koute chè yo, se mete chwa.
“Sa fè 23 zan depi diktati divalye a pati e se 23 zan denstabilite politik, e menm si konfèrans Nouyòk, menm si baye de fon mete de milya sou Ayiti, tankou nou pa gen stabilite sa a, nou p ap gen kondisyon pou nou devlope peyi a,” Preval te di jounalis yo pandan peyòd avril.
Men Preval preske kontredi tèt li. Ven-twa (23) lane “demokrasi” sa yo poko bay stabilite ak “devlopman” yo vle. Ki sa ki di eleksyon 2010 yo ap bay yon randman diferan?
“Sosyete kapitalis, depandan, konpradò ki baze sou echanj enpò-ekspò… li voy alechèk epi li montre sa l ka bay. Nan pwen anyen ankò li ka bay eksepte malè pou pèp ayisyen an,” dapre Remi.
Li di “Menm si yo te de bon fwa… yo pa kapab ranje [sistèm] sa a. Se sistèm nan nou bezwen ranvèse.” Li ajoute: “Lage yon moso papye nan yon bwat se pa demokrasi.”
Mefyans ak kolè pèp Chomèy.
Tankou plizyè lòt – endividi tankou òganizasyon – Remi di gen nesesite yon chanjman striktirèl, epi lè n konsidere eleksyon, li t ap sèlman apiye yo si yo te fè pati yon demokrasi “reyèl” oswa “demokrasi popilè,” kote popilasyon an ap patisipe plis pase youn fwa chak kat oswa senk lane.
Nan Chomèy, yon peyizan ki gen 69 lane, Jozèf Chostèn, panse fòk se òganizasyon ki ta sipoze chwazi kandida yo. Li di, fòk kandidate yo siye yon kontra kote yo pwomèt òganizasyon ki voye yo yo pral respekte tout sa òganizasyon an mande yo fè.
“Si li pa fè sa nou voye l al fè a, moun sa, nou rele l nan lajistis pou nou kapab gen yon vre chanjman vre,” dapre Chostèn, ki se yon manm Kolektif Òganizasyon Benè.
Jozèf Chostèn, yon peyizan ki gen 69 lane.
Klike isit pou wè ak tande Chostèn ak lòt moun Chomèy yo nan videyo a.
Lide Chostèn yo pa two lwen definisyon “demokrasi popilè,” dapre Remi, kote òganizayson yo kenbe kontwòl sou reprezantan yo eli epi kote yo gen dwa fè yon pèdi pòs yo plis pase chak kat lane.
Men pou Remi, kesyon ki pi pwofonn se pa sèlman sou ki tip eleksyon oswa ki kalte reprezantasyon politik. Se sou nesesite “restriktire sosyete aysiyen an.”
53 lane apre yo voye Fiyole ale, 24 lane apre Divalye ale, eske sa toujou posib?
“Gen yon otè ki di ke ‘Lèt imèn pa janm kreye yon pwoblèm li pa ka rezoud.’ Donk, pwoblèm ke n ap konfwonte a, se pa Legba ki fè l, se pa Jezikri koz li, se pa Ala. Se nou menm Ayisyen ki lakòz. Donk nou menm tou, nou ka devlope kapasite pou rezoud li…”
Eleksyon 28 novanm yo ap fèt, malgre mefyans ak enkyetid Remi, plizyè òganizasyon popilè ak peyizan, yon seri pati politik ak lòt aktè nasyonal ak entènasyonal.
Kelkilanswa politisyèn ki genyen, li pral fè fas ak gwo dèfi – petèt pi gwo dèfi k ap devan pèp ayisyen an depi 1804.
Avèk yon ekonomi ki te deja nan kriz depi anvan 12 janvye, mete sou sa, peyi a genyen…
- Epidemi kolera
- Yon kapital ki kraze,
- Plis pase yon milyon moun k ap viv preske nan lari, anba tant, epi pa gen okenn siyn yon bon plan pou bay yo kay,
- Plizyè milyon moun anplis ki bezwen vre travay, pa “cash for work,”
- Epi yon seri aktè entranje, nan nivo gouvènman ak nan sektè yo rele “ONG” ki paret sou teren an ak pwojè pa yo.
Ayiti Kale Je pral kontinye fouye zo nan tout kesyon sa yo, ak anpil lòt nan objektif pou ede pèp ayisyen ak tout moun ak òganizasyon k ap travay pou vre jistis ak respè tout dwa moun an ayiti ka wè pi kle.
Li sa Ansèm Remi di sou eleksyon 1990 yo
Tounen nan Entwodiksyon an ak nan videyo a