Eleksyon 2010
Poukisa eleksyon epi eske yo nesesè pou “rekonstriksyon an”?
CLIQUER ICI POUR FRANCAIS - Partie 1
Ayisyen ap patisipe nan diferan fòm eleksyon preske depi ledepandans. Men se sèlman depi fen diktati Divalye nan lane 1986 peyi a fè sa moun konn rele eleksyon ‘lib.’ Depi lè sa a, Ayiti gen tan fè plis pase yon douzen eleksyon pou prezidan, palmantè, majistra ak reprezantan kominal.
Dapre Preyanbil Konstitisyon 1987 la, Ayiti se yon “demokrasi ki vle di li gen plizyè ideyoloji epi gen chanjman politik” epi pami devwa sitwayen ayisyen an, fòk yo “Li dwe vote nan eleksyon, san yo pa fòse l.” [Atik 52-1].
Se atravè eleksyon sitwayen gen pou patisipe nan lavi politik peyi a.
Men, an Ayiti tankou nan lòt peyi, samble gen yon konfizyon oswa konfyolo ant sa yo rele “eleksyon” ak sa yo rele “devlòpman” epi avèk bon kondisyon ekonomik ak sosyal.
Leyan Dorin, yon ti machann ki fè vwayaj ant Vali ak Grangwav, te di Ayiti Kale Je, “eleksyon t ap bon” paske “fòk ta gen moun ki ta ede moun nan lari yo, ki nan bezwen.”
Men, lè jounalis la mande l opinyon l sou gouvènman aktyèl la, ki se yon gouvènmen eli, li te kòmanse yon diskou sou ki jan zòn kote l rete a pa gen wout, pa gen lekòl, pa gen klinik: “Leta bliye nou. Tout sa k ap fèt, yo pase lavey nan mitan yo… Nou pa patisipe nan anyen k ap fèt.”
Anpil moun panse politisyen pa wè pwoblèm yo. Foto: Acessomedias
Konfizyon Dorvin genyen ant “eleksyon” epi sèvis sosyal epi “develòpman” pa etonnan. Pandan yon vizit yon delegasyon Nasyonzini nan zòn avril, Prezidan Rene Preval te di menm bagay:
“Si, lè m ale pa genyen yon prezidan eli ki gen legimite, si pa gen palman, chanm bas, Sena, si pa genyen eleksyon… nou pral kreye mefyans e p ap kapab gen devlòpman.”
Preval korèk nan kèk nan detay yo: manda anpil nan palmantè yo fini deja epi manda pa l ap fini 7 fevriye, 2011. Sa vle di, dapre Konstitisyon an, eleksyon 28 novanm yo nesesè. Epi, si yo pa fèt, se pwobab bayè ak pretè ki fè pwomès lajan pou peyi a p ap alèz.
Kèk semèn apre 12 janvye sèlman, “kominote entènasyonal la” te kòmanse pouse lide eleksyon yo. Edmon Milè, reprezantan espesyal ONI pou Ayiti, te di yo reprezante “yon pa enpòtan nan pwosèsis fè demokrasi a pi fò epi nan re-etabli leta a.”
Kolin Grandèson, ansyen sekretè deta adjwen CARICOM, ki te pase preske tout lane 1990 yo an Ayiti kòm direktè yon misyon obsèvasyon dwa moun pou OEA ak ONI, retounen an Ayiti dènyeman pou l dirije yon misyon obsèvasyon OEA/CARICOM ki gen kòm tach asire eleksyon yo kredib.
Grandèson te di Ayiti Kale Je eleksyon 2010 “enpòtan” anpil epi, tankou Preval, li te souliye nesesite pou yon prezidan ak palman “lejitim” pou asire “rekonstriksyon” peyi a.
Grandèson, Milè ak Preval gen rezon sou kesyon lejitimite a, men yo bliye note tout bagay sa yo: Ayiti ak reprezantan eli li yo t ap soufri anba kriz ekonomik ak imanitè depi byen anvan 12 janvye. Epi kounye a, anplis kriz sa yo k ap kontinye, Ayiti nan mitan yon kriz politik-enstitisyonèl e se pa eleksyon k ap rezoud sa a nesesèman.
Janvye dènye, palman ayisyen an te vote yon “Lwa Ijans” espesyal ki te bay Komisyon Enterim Rekonstriksyon Ayiti anpil pouvwa. Se ansyen prezidan meriken Bil Klinton ak bayè entranje ki domine komisyon sa a. Lwa sa bay Komisyon an pouvwa pou yo “mennen Plan Devlòpman pou Ayiti” jouk out, 2011.
“Ki jan yo ka fè eleksyon libelibe lè yo anba yon Lwa Ijans?” Se sa Pwofèse Wobè Faton, yon ayisyen ki travay nan Inivèsite Vijini Ozetazini, te mande pandan konferans Asosyasyon Etid Ayisiyen an ki te fèt nan Inivèsite Bwòn denyeman.
Faton te di lefèt gen Komisyon sa a ak anpil konsilta etranjè, bayè ak ajans, Ayiti “preske pèdi souvrenntè li nèt.”
“Epi li pa kle ki jan yon palman eli ka fonksyon nan yon anviwonman kote se komisyon entènasyonal sa a k ap domine,” dapre sa li di.
Se kle, moun ki fè pati sistèm aktyèl la – manm oswa staf nan pati ki an pouvwa yo, moun ki travay nan machinn elektoral la, elatriye – kwè nan, oswa fè komsi yo kwè nan eleksyon 2010 yo kòm remèd tout pwoblèm Ayiti genyen.
“Manda gouvènman aktyèl la ap fini, ki vle di, fòk gen moun k ap ranplase l.”
Se konsa Nikola Jan Lwi, yon ansyen manm Fanmi Lavalas ki kounye a nan Inite, te pale. Jan Lwi nan mitan 3zyèm manda l kòm KASEK nan Chomèy, 9vyèm seksyon kominal Benè, nan sid Ayiti.
“Fòk moun fè chwa pou pemèt peyi a gen yon bon palman, gen yon bon gouvènman, gen bon ONG yo k ap travay andedan peyi a tou, pou yo pote yon akò fè yon sèl, pou retire moun sa yo anba tant epi wè ki trètman ki pral vini andan peyi pou epidemi sa k ap touye moun.”
Tankou Preval, Jan Lwi rete konvenki se eleksyon yo ki pral asire meye sèvis sosyal.
[Pou tande ak wè moun Chomèy yo plis, klike isit.]
Ki sa 23 lane eleksyon livre jiska prezan?
Grandèson admèt rapidman jan “tranzisyon demokratik la” an Ayiti pa yon siksè total. Koudeta, represyon, asasinay, egzil, enstabilite. Epi, li rekonèt, pa gen anpil amelyorasyon nan kondisyon sosyal ak ekonomik pèp ayisyen an ap viv.
"Se kle, si nou vle pale sou ki sa demokrasi a bay jiska prezan, se ap anpil. Sa kle kou dlo kòk. Men, malgre sa, mwen panse fò n pa sistèm goumen pou enstale demokrasi... Gen kèk chanjman... pou mwen, gen yon chanjman k ap fèt."
Men, ki kalte chanjman?
Yon machann avèk rad pepe li kwoke sou figi kandida pouvwa ki an plas la ap vann akote grafiti ki mande pou retou diktati Jan Klòd Divalye. Foto: Acessomedias
Ayiti Kale Je te kesyone Ansèm Remi, yon pwofèse k ap travay an Inivèsite Leta Dayiti depi 25 lane epi yon ansyen manm pati Mouvman Ouvriye Peyizan (MOP). Remi ap goumen nan mouvman pwogresis an Ayiti depi lane 1950 yo. Li te fè pati ekip moun ki te avèk Danyèl Fiyole ki te prezidan pandan 18 jou nan lane 1957.
Diktati a te chase l an egzil nan lane 1960 yo, epi pandan preske 25 lane, Remi te travay kòm pwofèse nan kat (4) gwo inivèsite Ozetazini: Northeastern State, Fisk, Clark ak University of the District of Columbia. Lè l te tounen apre fen diktati a, Remi te patisipe nan mouvman pwogresis la epi li te konsidere tèt li kòm pati mouvman Lavalas la. Pandan koudeta 1991-1994, li pran plizyè kou paske li t ap defan Aristid ak lòd konstitisyonèl la. Epi, li te prezidan KEP nan lane 1994 ak 1995.
[Pou li sa plis sou eksperyans Remi, nan eleksyon 1990 yo, klike isit.]
Remi pa dakò ak sa Grandèson di.
“Grandèson se yon anplwaye, yon pawokèt. L ap repete fomil yo bay li,” dapre Remi.
Li ajoute : “Tèlman genyen eleksyon, mwen te sispann konte paske pou mwen menm, tip eleksyon k ap fèt la, se yon pèt tan, pèt lajan, e se yon konpromi anti-nasyonal”.
“Sa yo rele ‘demokrasi’ se senpman yon kanaval k ap pemèt moun ki gen kòb, moun ki gen aksè a lajan, pou yo eksplwate mize mas pèp la epi iyorans pèp la…
“19 madigra ki la yo, se menm bagay yo pral fè. Pa gen okenn diferans. Se komkwa, ou pran kay sa a, epi ou di chak senk an m ap ba l yon kouch penti, m ap ba l yon lòt koulè… Ou pa ka di m se yon kay nèf. Se menm kay la.”
Remi, ki bay kou sou antwopoloji ak sosyoloji, esplike kalte demokrasi y ap pwomouvwa an Ayiti se sa yo rele “demokrasi boujwaz.” Gen “mil e mil fason pou yon popilasyon chwazi dirijan l” men nan yon demokrasi boujwaz, patisipasyon popilasyon an limite: se sèlman chak de oswa kat oswa senk lane y ap vote.
19 kandida pou prezidan peyi a.
“Li bay aparans li ‘lib,’ epi tout moun ‘egal,’ men anfèt se yon sosyete klas kote tout moun pa gen menm aksè ak resous yo, yo pa gen menm kapasite yo, yo pa gen menm kantite pouvwa…
“Eleksyon aktyèl yo se yon egzanp tipik eleksyon nan kad demokrasi boujwaz. Premyeman lè ou gade gen yon seri règ kalifikasyon pou patisipe, epi genyen ladan kote ou wè kleman difini karaktè klas la. Pa egzanp, pou ou kandida, fòk ou bay yon depò 500,000 goud. 500,000 goud bay apèpre US $12,000. Sa se anpil lajan an Ayiti!"
Sa vle di, m prezidan men m pa reprezante moun ki te swadizon vote pou mwen yo. Men, m ap reprezante moun ki te ba m 500,000 goud la.”
Sistèm finasman pou kanpay deja devlope anpil nan peyi Etazini kote kandida yo ak pati yo aksepte plizyè milyon dola nan men konpayi ak bank pou finanse kanpay yo. Kandida pou Sena konn depanse US$50 milyon epi nan eleksyon 2008 la, Barack Obama te depanse US$740 milyon. Pou Remi, sistèm sa a “pi gwosyè toujou” pase sistèm an Ayiti, jiska prezan.